Mak 14:55-64
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
55 Chèf prèt yo ak gran Konsèy Juif la t ap chache fo temwayaj pou yo met sou do Jezi pou yo ka jwenn yon rezon pou yo fè touye l, men yo pa t jwenn anyen. 56 Anpil moun te vin bay fo temwanyaj kont li, men tout temwanyaj yo te depaman youn ak lòt.
57 Se konsa kèk lòt moun kanpe pou kontinye bay plis manti toujou. Yo di: 58 “Nou tande nonm lan di M ap kraze tanp sa lèzòm fè a, epi nan twa jou m ap bati yon lòt tanp ki pa fèt ak men lòm.” 59 Men, menm sa moun sa yo t ap di te depaman tou.
60 Lè sa a, Granprèt la leve kanpe nan mitan mesye yo epi l mande Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?” 61 Men Jezi rete an silans, li pa reponn anyen. Gran chèf prèt la mande l ankò: “Èske ou se Mesi a,[a] Pitit Bondye beni an?”
62 Jezi reponn li: “Oui, se sa menm. Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.”[b]
63 Lè sa a gran chèf prèt la chire rad li. Epi li di: “Ki temwanyaj nou bezwen anplis! 64 Nou tout tande jan li t ap ensite Bondye. Ki sa a n ap fè ak sa? Konsa, yo tout kondane l, yo di li merite lanmò.”
Yo tout kondane li pou li mouri.
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International