Mak 14:32-42
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi ap priye poukont li
(Mat 26:36-46; Lik 22:39-46)
32 Jezi ak disip li yo ale yon kote yo rele Jetsemane. Li di disip li yo: “Rete isit la pandan m pral lapriyè.” 33 Li pran Pyè, Jak, Jan ak li. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere. 34 Jezi di disip ki te avè l yo: “Kè m tèlman lou, mwen santi se mouri m ap mouri. Kenbe m konpay, pa kite dòmi pran nou.”
35 Jezi avanse pi devan, li lage kò l atè epi li priye. Li mande Bondye si li ta posib pou li pa ta pase nan moman soufrans sa a. 36 Li di: “Abba,[a] O Papa! Tout bagay posib pou ou. Retire gode[b] soufrans sa a devan m non. Men, pa fè volonte pa m, fè volonte pa w.”
37 Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tout ap dòmi. Li di Pyè: “Simon, ou ap dòmi? Ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan? 38 Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.”
39 Jezi deplase yon dezyèm fwa pou l te ka priye, li repete menm priyè a. 40 Lè l tounen bò kote yo ankò, li jwenn yo ap dòmi, paske je yo pa t ka rete ouvè. Disip yo pa t konnen kisa pou yo te di li.
41 Li retounen yon twazièm fwa epi li di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze? Se twòp atò. Lè a rive, yo pral livre Piti lòm nan bay mechan yo. 42 Leve! Ann ale! Men moun k ap livre m nan rive.”
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International